Ministè levasyon nasyonal anonse li deside repouse dat rantre lekòl ane sa, pou lendi 3 oktòb k ap vini an. Yon desizyon ki pran aprè Konsèy gouvènman ki fèt jodi vandredi 26 out la.
Ministè a prevwa pibliye nan jou kap vini yo nouvo kalandriye eskolè 2022-2023 k ap bay tout presizyon sou dat ki pi enpòtan pou ane akademik lan. Li pwofite bay tout paran, anseyan ak direktè lekòl yo garanti nouvo kalandriye eskolè a ap respekte kantite jou yon ane lekòl dwe genyen pou aprantisaj timoun yo fèt kòmsadwa.
Gen plizyè pèsonalite ak aktè nan sosyete sivil la ki te leve vwa yo pou mande ministè levasyon nasyonal repouse dat pou rantre lekòl la akoz lavichè a ki ap taye banda nan peyi a.
Discussion à propos de post